11.12.09

4.10 Lemo jis pou di l

Malis propose nou kek devinet geometrik.
Ann komplete chak fras ak mo ki ap vini :
Sphère(sfè)
Pyramide
Cylindre
cube
cône
prisme.

M roule tankou yon bal, mwenmen se yon ____.
M sanble ak yon bwoat konsèv, mwenmen se yon ____.
M samble ak yon bwat sereal, mwenmen se yon ____.
M genyen mêm fòm ak twa lakay, mwenmen se yon ____.
M samble ak yon cornè san crèm glase, mwenmen se yon ____.
M samble ak yon de, mwenmen se yon ____.
Ou kap jwen m nan lejipt, nan lafrik, mwenmen se yon ____.

4.9 Inite ki pi bon

Malis konen 2 unite pou l fè mèzi longè :
  • mètre (m)
  • decimètre (dm)

Pou chak bagay k ap vini, tanpri chwazi longè ak inite ki pi bon
  • Longè tablo class la (2m) ousnon (2dm)
  • Otè poubèl (6m) ousnon (6dm)
  • Otè yon chez (1m) ousnon (1dm)
  • Larjè yon kaye egzesis (2m) ousnon (2dm)
  • Longè yon plim (1m) ousnon (1dm)

14.10.09

4.8 À rezoud

Ti Malis te kompose situasyo kote yo te pale sou flè.

Rezou situasyon yo, kite tras demach w.


Tom te keyi 12 flè, te gen 7 fle jòn enpi lòt flè yo te rouj .

Kombyen flè rouj nou gen?
Repons : nou gen ___ flè rouj.


Iyè Caroline te bay Maria 5 magerit, jodi a li bay 5 magerit plis pase iyè.



Kidonk kombyen margerit te bay Lea Jodi a?
Repons: Sophie te bay Lea ___ margerit.


Luc ak Sara te keyi 14 mango an tou.

Luc te keyi mem kantite mango ak Sara.

Kombyen mango luc te keyi?
Repons : Luc te keyi ___ mango

Ki kantite mango Sara te keyi deja?
Repons : Sara te keyi ___mango.

4.7 chwazi rizilta



Pou chak adisyon Ti-Malys ap propose li bay detwa rizilta


chwazi rizilta sa ki bon


Men kesyon yo ak 2 chwa
6+7 = (6) (13)

9+7 = (15) (16)

8+8 = (16) (17)


Men kesyon yo ak 3 chwa

8+6 = (12) (17) (14)

4+8 = (11) (12) (15)

8+7 = (16) (15) (14)


Men kesyon yo ak 4 chwa

9+6 = (15) (16) (12) (10)

5+8 = (13) (11) (17) (5)

5+9 = (13) (14) (15) (9)

4.10.09

4.6 Banann, pòm ak zoranj



Ti-Malys propose nou situasyon nou ka resoud.

Pinga bliye kite tout tras demach sou youn fey.

Anita te manje 5 banann semèn sa a. Deni te manje 2 banann anplis pase Anita. Andy te manje yon banann anmwen Deni. Kombyen banann Andy te manje?
*Repons Andy te manje ____ banann.

Irlande gen 3 pòm nan sak li. Pòm sa yo rouj oubyen vèt; gen plis pòm rouj pase pòm vèt. Kombyen pòm rouj? Kombyen pòm vèt?
*Repons : gen ___ pòm rouj enpi ____pòm vèt.

Kethia desine 9 zoranj. Li deja koulore 7. Kombyen zoranj li pral koloriye.
*Repons : li pral kolorye ___ zoranj.

2.10.09

4.5 Yon jaden chaje ak flè




Tikal pa tikal, n ou ap wè chif pase 10,
a fòs nou konte n ap jwenn 100!
Yon UNITE se yon flè pou kont li
Yon DIZÈN flè se yon bann 10 flè.
Ou kap wè flè fè mikalaw,
MALIS te desine pase 35.

Ak zanmi w oubyen pou kont w, konte jiska 35
Encerkle yon bann 10 (premyè dizèn)
Encerkle yon òt bann 10 (deuzyèm dizèn)
Encerkle yon òt bann 10 enkor

Ki kantite dizèn flè nou genyen?
( ) dizèn

Ki kantite flè nou genyen?
( ) dizèn ( ) Unite ( ) Flè

4.4 Geometri




Zanmi Malis yo te kale figi plann yo nan yon fèy papye.
Eske w rekonè fòm geometrik?

* Ekri kantite kote ki genyen nan chak figi plann.
* Ak dizon mèt w, oumenm kale yon lòt figu plann yo sou fèy papye pa w.