4.10.09

4.6 Banann, pòm ak zoranj



Ti-Malys propose nou situasyon nou ka resoud.

Pinga bliye kite tout tras demach sou youn fey.

Anita te manje 5 banann semèn sa a. Deni te manje 2 banann anplis pase Anita. Andy te manje yon banann anmwen Deni. Kombyen banann Andy te manje?
*Repons Andy te manje ____ banann.

Irlande gen 3 pòm nan sak li. Pòm sa yo rouj oubyen vèt; gen plis pòm rouj pase pòm vèt. Kombyen pòm rouj? Kombyen pòm vèt?
*Repons : gen ___ pòm rouj enpi ____pòm vèt.

Kethia desine 9 zoranj. Li deja koulore 7. Kombyen zoranj li pral koloriye.
*Repons : li pral kolorye ___ zoranj.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire