8.7.09

1.0 intro

Bonjou, m rele TI-MALIS! Avek bel imitasyon mwen, m a ade w viv tout bel aktivite matematik propose nan kaye sa a. Ou dwe li atentiveman modòd yo pou byen reyisi exercis nou te propose w yo. Ou ap pren plèzi en mem tan ou ap reflechi. W ap EGZAMINEN, w ap DEDUIR epi w ap KALKULE. Alors, san pa pedi tan… nap kòmanse aventu a ! Tann rès la !


MESAJ POU PAREN YO
Aktivite TI-MALIS yo se yon kaye d’ekzersis ladan timoun yo ap fè aprentissaj an matematik en mem tan li ap jwe. Ekzersis sa yo nou regroupe otou tèm kap stimule e ap develope abilite pou reflechi pou EGZAMINEN, pou DEDUIR, pou RESOUD pwoblem epi CALCULE. Kaye sa fèt pou akonpaye ansèyman an fèt nan lekol.
Li pa gen pretensyon remplace mèt la. Men, se pito yon moyen diferan pou presente timoun nan sitiyasyon pou renfòse aprantisaj matematik li.
MESAJ POU MÈT LA
Aktivite TI-MALIS yo se yon zouti conplemantè ki pèmet elev la fè aprentisaj li pi bon. Kaye a gen anpil aktivite ki pote sou : numerasyon, geometri, mesur, statistik, probabilite epi rezolisyon pwoblem. Fòk nou di tou aktivite yo fèt en sorte pou elev yo kapab travay pou kont yo. Yo kapab egalmen reyalize lakay oubyen devwa. Aktivite TI-MALIS yo divise nan 10 tèm amizan repati sou 10 moi nan ane a. En tan nou kwe kaye nou byen konplete ansèyman e ap distrè elev yo positivmen.
Bon ane scolè.
Sant n a rive (Montréal)
MECPL (Miami)

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire